lundi 30 mai 2011

CONASPEH crée un blog

C'etait le lundi 30 mai 2011  vers les 8hres 30, on a eu de ce beau matin une séance de formation sur l'utilissation du blog par Mr Robert  Shebeck venant des Etats Unis.  Comment on doit utiliser ce système? comment par ce site on peut faire bouger CONASPEH à travers le monde par ce site qu'est blog.

It was Monday May 30, 2011 around 8:30 am when we had a beautiful morning for a training session on using a blog by Mr. Robert Shebeck from the United States. How do we use this system? How can we use this site to communiction CONASPEH's message through this blog to others in the world.

1 commentaire:

  1. Non pa m se Odi Alvarès. Mwen konplimante nou pou bèl efò n ap eseye fè. Sèl kesyon m ap poze nou, ki kote nou jwenn ak mòd kreyòl sa a mwen wè sou sit entènèt nou an? Ki kote ann Ayiti yo pale kalite kreyòl sa a? Pou ki sa nou pa ekri kreyòl menm jan nou fè gran efò pou nou ekri franse ak angle avèk anpil respè pou prensip de lang sa yo?
    Men yon ti bout pawòl mwen jwenn sou sit CONASPEH a : « Nasyonal Espirityèl Konsèy la Ayisyen Legliz ». Mwen pa konprann anyen ladann ditou. Ki sa nou vle di ak yon koze kon sa ? Pou ki moun nou ekri l. Ki Ayisyen nou panse ki pral konprann yon pawòl kon sa ? Sa nou fè la, se 6 mo nou pran nou kole ansanm san nou pa reflechi pou wè ki sans gwoup mo sa yo genyen. Se menm jan lè moun ap jwe domino gen yon jwè k ap plede « kole bout mi ». Enben se « bout mi » n ap kole lè nou pran 6 ti mo sa yo pou nou fòme yon fraz ki pa menm gen sans. Depi nan premye paj kreyòl la nou di moun pa pèdi tan nou li anyen ki ekri an kreyòl so sit nou an.
    Mwen panse nou kapab fè yon pi bon travay pase sa. Si vrèman vre nou pa gen okenn mwayen pou nou ekri yon bon bagay an kreyòl, pa ekri tenten. Sa degrade nou, retire sou valè nou. Oubyen tou sa se yon siy k ap di moun tout bèl pawòl nou pran san nou ekri nan lòt lang yo nou pa kwè nan yo lè se an kreyòl n ap mete yo. Fèt atansyon ak jan n ap afiche bagay an kreyòl sou sit CONASPEH a.
    Yon ti pawòl kon sa ta bon anpil : « Konsèy Nasyonal Esprirtyèl Legliz ann Ayiti ». Prèske menm 6 ti mo yo, nou annik ranje yo yon lòt jan epi kounye a yo vin gen sans.
    Tanpri fè yon ti efò anplis.
    Mèsi,
    Odi Alvarès

    RépondreSupprimer